Pami tèks ki ekri pou souliye enpòtans Jan Jak Desalin, genyen youn ki rete nan memwa n kou yon enklasab, li charye tout apresyasyon otè a (ak tout nasyon ki soti nan esklavaj) pou papa libète a. Nan yon travay pwofesè Alix Emra reyalize sou reprezantasyon Desalin nan literati ayisyen an ki te parèt nan dizyèm nimewo revi Legs et Littérature, li raple nou powèm Leroy a redi n Desalin se papa idantite tout ayisyen e san kouray li nou pa t ap sa nou ye jodiya.

Mèsi papa Desalin
Papa Desalin, mèsi
Chak fwa m santi sa m ye
M di mèsi, Desalin
Chak fwa m tande yon nèg koloni
Ki poko lib pale
M di : Desalin, mèsi
Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen
Mèsi, papa Desalin
Si m yon nonm
Se pou m di : mèsi, Desalin
Si m ouvè je m gade
Se gras a ou, Desalin
Si m leve tèt mwen pou m mache
Se gras a ou, Desalin
Chak fwa m gade lòt nèg
M di mèsi, Desalin
Lè m wè sa k ap pase lòt kote
M di : mèsi, Desalin
Lè m tande kèk nèg parèy mwen pale
M di : mèsi, papa Desalin
Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen
Towo Desalin
Desalin, san mwen
Desalin, de grenn je m
Desalin, zantray mwen
Se mwen k konnen
Se pou tout nèg di :
Mèsi Desalin
Se ou k montre nou chimen nou
Mèsi Desalin
Se ou k limyè nou
Desalin