
Yon ansanm aktivite prevwa pou rann festival sila posib :
- Yon gwo Fwa liv k ap rasanble mezon edisyon ak yon dividal otè ki pibliye an kreyòl. Animasyon twoubadou pandan tout jounen an.
- Konferans nan Inivèsite, espas kiltirèl, lekòl…
- Aktivite nan prizon (tankou : Atelye kreyasyon literè, resital pwezi ak graje gita). Remiz Plak donè ak merit bay kèk enstitisyon ak pèsonalite
- Fòmasyon sou TRADIKSYON FRANSÈ – KREYÒL pou anviwon 40 moun
- Fòmasyon sou KRITIK LITERÈ pou anviwon 40 moun
- Fòmasyon sou LITERATI KREYÒL AYISYEN pou anviwon 40 moun
- Atelye lekti ak ekriti
- Reprezantasyon teyatral zèv otè ayisyen
- Vizit literè (lakay ekriven ak pèsonalite)
- Emisyon an dirèk pandan dewoulman aktivite yo
Festival sila dwe reyini anpil ekriven ak pèsonalite nan monn literati an kreyòl la tankou Manno Ejèn, Lyonel Trouillot, Nicole Cage, Gertrude Séjour, Anderson Dovilas, Hilario Batista Felix Festival sila dwe reyini anpil ekriven ak pèsonalite nan monn literati an kreyòl la tankou Manno Ejèn, Lyonel Trouillot, Nicole Cage, Gertrude Séjour, Anderson Dovilas, Hilario Batista Felix, Franckétienne, pou n site moun sa yo sèlman.
Pages : 1 2